ZAFÈ PAM MEDYA 📸📡
1.25K subscribers
548 photos
331 videos
22 links
Nou pa fè nouvèl, nou bay nouvèl
Download Telegram
ENFO : Yon blennde Kenya fè aksidan nan Pèlerin.🇭🇹Pou pi piti 2 sivil mouri ak plizyè lòt moun blese, pami yo 3 sòlda misyon miltinasyonal la .
Gwo gè te eklate jodi samdi 6 septanm 2025 lan ant lapolis ak bandi viv ansanm yo anba lavil la , plizyè drone te lanse , plizyè bandi mouri , on dividal lòt teworis blese malerezman gen younn nan drone yo ki ta pral tonbe sou yon ti kamyonèt ki te prale kafou plizyè sivil mouri ak plizyè chofè moto pèdi lavi yo pandan yo tap fè wout la .
Plizyè moun kafou te bloke pòtoprens aprè midi samdi 6 septanm nan a koz lapolis tap mennen yon gwo operasyon anba lavil la , anpil san koule , tèt moun dekapite , ti kamyonèt la tou wouj ak san , mò tout atè nan lari a , tout bò rigòl yo se kadav , yon sitiyasyon ki te mete moun kafou yo nan gwo difikilte pou te rantre lakay yo . A tout sa lapolis pat kanpe yo te kontinye ap frape teworis yo jouk nan zo .
Nan kad lit lapolis la ap mennen chak jou fas a ak fenomèn banditis la nan peyi a lapolis la resevwa 10 blennde ak plizyè ekipman pwoteksyon endividyèl pou inite spesyalize yo jodi samdi 6 septanm 2025 lan , materyèl sa yo ak ekipman sa yo se gouvènman ki pase yo ki te kòmande yo , selon lapolis gen materyèl ak ekipman ki gen pou rive nan peyi a nan jou kap vini yo .
Gwo gè eklate aswè samdi 6 septanm 2025 lan nan plèn nan presizeman nan lilavwa , se gang 400 mawozo ak chen mechan kap goumen , pandan afwontman sa yo tou pwofite kase kay moun .
2
Afwontman ant lapolis ak bandi yo nan kenskòf presizeman nan teleco bandi yo reatake l ankò aswè a .
1
Nap raple nou ke nou pèdi plizyè polisye ak sòlda FADH nan teleco sa ak plizyè blennde . Gen menm enfo ki fè kwè ke yon blennde tonbe nan yon pyèj aswè a ankò .
1
Anpil panik nan nivo vilaj de dye aswè lendi 8 septanm lan aprè ke fòs lòd yo te lage yon drone anndan an , plizyè bandi ta tonbe ak plizyè blese . Selon plizyè sitwayen ki te tande bri a yo pat ka konprann bri sa tèlman l sonnen fò .
3
Teworis viv ansanm yo debake nan yon lokalite ki rele labrodri sou zòn kabarè tou pre akayè yo boule , piye , touye , menm ti bb pa epanye anba men kriminèl yo . Selon kazèk zòn nan gen plis pase 42 moun ki pèdi lavi yo jodi jedi 11 septanm 2025 lan anba kout bal teworis yo . Reyaksyon sa vini a koz polisye yo ak brigad yo touye plizyè patizan yo pandan yo tap tante rantre akayè .
Pandan teworis yo di gen lapè a , se lè sa yo fè plis kidnapping , yo twonpe vijilans moun yo ak pawòl lapè sa , lapolis devye plizyè ka kidnapping pandan semèn sa yo , zòn ki bay plis kidnapping yo se delmas 33 , 31 ak 75 se bote yo bote moun la yo , lapolis fè sal ka fè men to kidnapping lan monte byn wo pandan moman lapè pèpè sa . Se nou ki pou pridan nan lari an poun pa bay teworis sansal sa yo fè la dènye sou nou .
4
892 aspiran polisye pami yo 131 fanm rantre nan lekòl lapolis jodi dimanch 5 oktòb 2025 lan ki twouvel sou wout frè pou yal swiv fòmasyon pou yo ka vin pwoteje e sèvi peyi yo nan mwa kap vini la yo . Seremoni sa te dewoule an prezans DG ai polis la André Jonas Vladimir Paraison ak kabinè li , premye minis Alix Didier Fils Aimé , Konseye Leslie Voltaire ak rès manm nan gouvènman yo . Plizyè lòt pèsonalite te la tou tankou anbasadè kanadyen an Ayiti André François Giroux ak yon delegasyon ki sòti nan anbasad lafrans lan .
Lapolis mennen yon operasyon anba lavil la presizeman bò stad ( bò mache salomon ) jodi samdi 25 oktòb 2025 lan , plizyè bandi tonbe epi plizyè lòt blese pandan yo te poste yo nan pòs peyaj yo nan fouye machin kap pase sou wout la . Selon dènye eleman enfòmasyon yo bò stad blanch tankou koton aprè lapolis fin balewouze bandi teworis yo .
3
Otorite dwanyè yo ( la dwan ) entèdi sextoy ( fo peni , vibratè ) rantre nan peyi Dayiti selon atik 42 ak 304 ki sòti nan kòd dwan peyi a . Nouvèl sa pote anpil kè kontan kay kèk moun pandan anpil lòt nan tristès .
Jodi samdi 8 novanm lan gouvènman ayisyen an bay FADH 7 blennde sou 17 yo kòmande pou ranfòse kapasite FADH la nan kad batay yap mennen kont gang teworis yo nan peyi a . Seremoni sa te dewoule nan laprimati kote divès pèsonalite te prezan tankou , konseye Leslie Voltaire , minis defans lan Jean Michel Moïse , minis jistis ak sekirite piblik la Patrick Pelissier , premye minis Alix Didier Fils Aimé epi kòmandan adjwen FADH la majò Jonas Jean .
Lapolis la mennen yon entèvansyon nan fyèf lanmò san jou ( 400 mawozo ) ak chen mechan ayè vandredi 7 novanm lan ak samdi 8 novanm lan 2025 lan , nan entèvansyon sa plizyè bandi tonbe pami yo chef gang ki tap dirije kafou marasa epi pran plizyè machin pou lanmò san jou . Sikilasyon retounen nòmal sou pon taba aprè afwontman sa .
1
Selon dènye eleman enfòmasyon se aprè lanmò san jou menase boujwa Apaid kòm kwa poul toujou fonksyone fòl peye nan plèn nan epi saw tande a Apaid voye lapolis atake lanmò san jou . Pandan atak la lanmò san jou fon videyo li bay Apaid yon ultimatum 2 jou pou Apaid rejwenn ni sinon lap lage tout kk chat deyò .
This media is not supported in your browser
VIEW IN TELEGRAM
Sa se ta yon videyo chèf gang lanmò 100 jou pibliye sou paj tiktok li, ki ta fè kwè se nan fyèf Apaid li ye
Ki jiskaprezan nou paka konfime sa ki di nan videyo a
🥰21
This media is not supported in your browser
VIEW IN TELEGRAM
Gang yo kap pini boubout yo

Ala traka papa
1👎1
Flash! Nèg kwadèboukè yo ap fè gwo tantativ nan moman an pou anvayi taba 27,anpil moun pran bal mawon nan taba 27 la,genyen yo kouri lopital ak yo an ijans.
Tout moun taba 27 fèmen anndan lakay yo nan moman an rive jis bò inibank kafou fleryo a. Enfòmasyon nou rive jwenn fè nou konnen lapolis te gen plizyè blennde epi yon anjen lou sa nou rele"Satan" yo ta pral kraze kèk kay kwadèboukè pou rive bò biznis Apaid la men nèg plip plip yo te gentan okouran yo vin pran polisye yo depi nan wout.

Moun ki gen moun ki t ap fè wout sa kouri nan lopital Sans frontières taba a paske anpil moun pran bal.
5
Gwo gè deklennche anba lavil la aprè midi samdi 22 novanm lan se gang gran ravin kap goumen ak gang vilaj de dye , plizyè bandi teworis gentan tonbe nan tou 2 kan yo , pou aswè a la batay la vin pi anplifye sa vin koz plizyè moun vilaj sa ki ak ti bb kenbe nan men gentan kite anba a pou yal lage kò yo lòt kote pou yo pa viktim .
4