🇭🇹Lestomak glise info 📲
255 subscribers
2.42K photos
427 videos
400 files
43 links
Wap jwenn tout nouvèl yo laa🙌🏽💻
Download Telegram
Sitiyasyon an plis konplike sou anwo pou moman an la. Asayan yo ap ranfòse anlè tèt Sourigòl. Konbatan yo kanpe djanm pou kontre kare yo
📸
Update 9h:21Am

Bandi yo gaye nan tout rakwen raje akayè fok Rezistans lan trè pridan pandan neg yo anba raje a,yo menm mete dife nan kay malere, profite fe vyolans sou kek peyizan yo kwaze nan zòn rekile yo Fok nou diw bandi yo mete tout grif yo deyò nan moman pou yo vanje san frè yo ki tonbe sou komin lan🙌
📸 *Samdi 31 oktob 2026*


*Selon enfomasyon ki disponib Didy (Izo2) gen plizyè soldal ki disparèt nan akayè pandan atak byen bonè maten an,gen bandi yo pwan tout vivan konsa tou genyen ki toujou anba raje yo jiskounya ki pko ka soti*...li enpotan poun ta evite wout nasyonal #1 an nan moman pask kout bal yo repwann sou komin akayè(bèsi)😎Rezistans ak lapolis nan akayè kontinye ap fe bwakale sou bandi yo
Anpil bandi voye madanm yo lot kote pou ka batay
Mw pap ba nou manti
Yap batay yon bò mennaj or madanm yo ap batay lòt bò…
Medam yo cho e anpil fwa se tankou se rekreyasyon yo profite pran…
📣📣📣🚨🚨🚨🚨

SOS SOS SOS pou Akayè🙆🙆🙆🙆
Lapolis te vide 10 nan fatra b4ndi yo atè ebyen yo fache...Yo dedouble sou Akayè.

Plizyè rezidan nan komin Akayè pèdi lavi yo jodi samdi 31 Oktob 2026 la, apre yon atak moun ki viv ansanm yo te lanse sou zòn sou Rigòl la.

Atakan yo te mete dife nan plizyè kay nan zòn nan, sa ki te fè popilasyon an viv yon sitiyasyon trè grav.

Malgre sa, brigadye ak lapolis ap kontinye fè rezistans pou anpeche moun ki ap atake a pran Akaye.
krilinèl yo fe plizyè branch pou antre sou Akayè, g4ng yo atake akayè aprè yo te pran yon rakle pliske yon 10 te tonbe sou bercy.
Ti koze ak Lynn
Plizyè moun akayè pèdi lavi yo nan atak neg viv ansanm yo fe sou komin akaye Jodi Samdi 31 Oktob PLIZYÈ moun nan Popilasyon an nan zòn sou Rigòl mouri yo mete dife nan PLIZYÈ Kay pandan brigadye ak lapolis kontinye ap fe resistant pou volè yo pa pran akayè
⚠️🇭🇹🇸🇻✈️ | *Jodi an gen yon gwo avyon Cargo k'ap soti Salvador pou rive Ayiti
🚨 Vinye zòn wouj
*🚨Pou moman nap ekri an, Vinye tounen yon zòn wouj, kontrèman ak lòt enfo kap sikile yo, Asayan yo toujou Vinye donk pa gen kesyon Toman, kafou vyann sa yo se Fake News. Men pou moman an Vinye anba men asayan yo, donk li enpòtan pou n evakye tout espas ki pre Aks Sila.*
Drone ak elikoptè Akayè bezwen kòm ranfò kounia an ijans Alix task force paraison PNH mesye depi matin nap Mande ranfò sou Akayè
Jan map swiv la, majistra Akayè an gen devwa poul mandé sipò Fòs lòd yo wii.Mesye nou paka kite sel brigadye Akayè yo ap toke kòn yo ak pil baz bandi sa yo sou Akayè non..Bandi yo kontinye ap pote ranfò la sou Akayè nan moman nap ekri jodi aprèmidi 31 oktòb lan..✍️🇭🇹
Batay la sere nan akayè nan moman nap pale la, kafou pwa prèske pèdi nan akayè rete konekte
*✅Blende Salvadoryen yo sou sòl lan 🙏*
🚨Asayan yo te gentan barikade zòn Vinye. Jefò yo ap Kontinye fèt bò kote Fòs Lòd ak Brigadye yo pou kwape zèfeyis yo epi debleye espas yo.
Ansanm nou fò💪🏽❤️🔥
🔥2
SOS POU AKAYÈ
Neg ak zam atake SITE DRAPO A DEPI BLÒK 2h nan maten. Poko janm gen RANFÒ KI RIVE JWENN POPILASYON A.
Genyen anpil moun ki déjà mouri e anpil KAY BOULE 2:50 PM
☑️ N ap Kontinye di non, pa gen okenn zèfeyis ki Toman, e pat janm genyen l.

Anlè Toman (Mòn Pit, tèt Sourigòl ), wi.

Pou kounya, se mannèv pou kwape asayan yo k ap Kontinye sou Vinye. Van kwape malfra a vle pran direksyon Bèsi.

N ap rete swiv sitiyasyon an pou enfòmew. Annatandan, bay wout nasyonal la blanch pou pa pran bal mawon.