ROOBY Script RESOUS GRATIS | Full Creativity !
1.12K subscribers
79 photos
48 videos
33 files
49 links
Isi an nap jwenn tout resous mwen vle bay nan video m yo.

Abone ak kanal la pou nou rete konekte ak mwen !
Download Telegram
🎬 Entwodiksyon sou Wòl Limyè nan Videyo

Limyè se youn nan pi gwo zouti pou rakonte istwa ou vle an ak kreye anbyans nan yon videyo. Jan ou mete limyè sou sèn nan ka chanje emosyon, atmosfè, ak pèsepsyon telespektatè yo.
👍3
💡Men 3 Tip Limyè prensipal nan yon Set Videyo

1. 🔑 Key Light (Limyè Prensipal)

• Sa li ye: Se sous limyè prensipal ou itilize pou eklere sijè a.
• Ki kote ou mete l: Anjeneral sou kote figi sijè a (sou bò dwat oswa bò goch, pa dirèkteman devan).
• Enpòtans: Mete volim sou figi a, bay fòm ak plis pwofondè.
👍4
2. 💧 Fill Light (Ou pral konprann poukisa emojis dlo an)

• Sa li ye: Se yon limyè ki pa fò ou itilize l pou elimine lonbraj ke Key Light la te kreye an.
• Ki bò ou mete l : Sou bò opoze Key Light la.
• Enpòtans li : kreye yon balans nan ekspozisyon limyè a epi fè figi a parèt plis natirèl.
👍4
3. 🌞 Back Light / Rim Light (Limyè pou mete Dèyè / Epi pou kreye Kontou)

• Sa li ye: Se yon limyè ou mete dèyè oswa sou do sijè a.
• Enpòtans: Separe sijè a ak background lan, mete plis pwofondè ak dimansyon nan videyo an.
👍4
🧰 Akseswa Pou Mete Sou Limyè yo (Modifiers)

1. 🌕 Lantèn (Lantern Softbox)

📸 (W ap wè l sou dènye imaj la fòm balon blan an)
• Fonksyon: li gaye limyè a nan tout direksyon (omnidirectional).
• Itilizasyon: Bon pou sèn entèvyou kote ou vle limyè a gaye toupatou ak natirèl.
• Avantaj: Pa twò agresif, pa mete lonbraj fò sou figi sijè an.
👍3
2. 🎯 Grid (Nid d’abeille)

📸 (Sou premye imaj la twal nwa ak ti kare ti kare yo)
• Fonksyon l : Kontwole direksyon limyè a, kenbe l konsantre sou yon sèl sijè.
• Itilizasyon: Ou Itilize l lè ou pa vle limyè an al gaye sou background lan oswa sou lòt sijè ki sou set la.
👍2
3. Softbox ak Twal Blan Difizyon
📸 (Sou 2èm imaj la — but li pa parèt)

• Fonksyon: Lè limyè a pi dous, retire lonbraj ki di ki soti nan limyè an.
• Twal Blan an: Li sèvi kòm yon difizè ki pou adousi limye an.
• Itilizasyon: Ou Itilize l pou mete an valè po moun (portrait/interview) paske li fè figi a pi dous.
👍2
🎓 Konsèy
• Pa janm sèvi ak limyè an konsa, san modifier si w ap filme moun. Li ka fè lonbraj la di epi tròp enpèfeksyon ki sou po moun yo.

• Toujou teste pozisyon limyè yo avan ou kòmanse filme.

• Kenbe yon balans ant limyè wap Itilize an, ak direksyon limyè yo selon estil ou ap chèche a.



📚 Konklizyon

Limyè se tankou makiyaj pou kamera a. Si ou metrize limyè ou yo, ou ka fè nenpòt videyo parèt pwofesyonèl, menm ak yon kamera telefon. Konnen ki lè pou itilize softbox, lantern, oswa grid, se sa k ap mete w nan kategori pwofesyonèl. 👌

PEACE ✌️
👍3
Photo @⁨Woodkens⁩photography Nan kad program Internship 1and1 Coaching nou an
Media is too big
VIEW IN TELEGRAM
Aprè nou finn met tout konsey sa yo an pratik Kliyan yo ap reponn nou konsa 👌
👍4
Epi toujou sonje pa kenbe Jan de post sa pou kont nou pataje yo ak yon zanmi nou pou yo ka aprann tou. 🧠
The Endless Routine a short film directed by @rooby_script and powered by @thescript.prod
OUT : 08/11/2025
Ft : @pawol_dijital
Stay Tuned


If every morning we wake up and repeat the same actions we did yesterday, does that mean we’re going to succeed at it? Does that mean we’re being consistent? And if we get tired and change the routine, does that mean we’ve given up? The film doesn’t answer these questions, but it makes you ask even more.

🇭🇹

Si chak maten nou leve nou repete men m aksyon nou te fè yè yo, èske sa vle di nap reyisi pou sa, èske sa vle di nou konsistan ? E si nou bouke nou chanje routin nan èske sa vle di nou bay vag. Film nan pa reponn kesyon sa yo men lap fè w poze plis toujou.

#cinematic #cinematicvideo #roobyscript #colorgrading #filmmaking #filmmakerlifestyle
🔥3👍1👏1
Lendi SDV al pote kritik sou short film sa 🔥
👍1👏1
Hey Koman nou ye ? M pa di nou sa souvan non, mwen bezwen nou 🙏


Men Kisa challenge lan ye 👇
1. Al gade videyo an
2. Ou pa bezwen like kòmante anyen, men tou share li sou storie w. ↪️

Merci
Deja. Challenge 300 pataj sou story. 👉
Men video an https://www.instagram.com/reel/DNPFBDjvDtM/?igsh=cXFldHlsYm12YWg0
👍2
Hi Everyone, Jodi an m anvi pataje yon Moso leson ak nou sou “Pèfeksyon” 👇

Lontan lè m te fenk kòmanse kreye m te vle kreye pi Bèl videyo ki ekziste.

Men pwoblèm lan se ke, lè wap chache mete Kreyasyon w yo nan yon nivo ki twò wo li pran tan, e *TAN* se yon bagay ki ka anpeche w grandi, paske lè w pran l twòp, travay ou yo ka Bèl se vre men ou pa kreye ase.
1
*Example : 👉 videyo 1 an pran m plis tan pou m kreye, but videyo 2 an fè plis views nan mwens ke 24H.
🔥1
Se vre yo chak gen objektif yo, men si w se yon moun ki fenk komanse janm toujou di an, li toujou enpòtan pou chache kreye plis, ke w kreye a la pèfeksyon.

Peace ✌️
#roobyscript