ROOBY Script RESOUS GRATIS | Full Creativity !
1.12K subscribers
79 photos
48 videos
33 files
49 links
Isi an nap jwenn tout resous mwen vle bay nan video m yo.

Abone ak kanal la pou nou rete konekte ak mwen !
Download Telegram
Koman nou ye ?
Media is too big
VIEW IN TELEGRAM
Tout kote nou tande rectangle ranplase yo pa triangle 😫
👍3
Media is too big
VIEW IN TELEGRAM
Mwen ak Piwoke w Reyalize premye Challenge Filmmaking nan kominote Ayisyèn nan !

pwojè sa se @thescript.prjct ki pote l pou ou 🔥
👍1
E mwen e Misye nou fè deux Bèl Travay ! ⬇️👇

Video reyalizasyon yo disponib sou paj mwen an !

👉 Al tcheke yo 🔥

https://www.instagram.com/reel/DI7k1WiJWTB/?igsh=dTQ0MTNuYnEwdGlr
1
My last project 🎥🔥⬇️
Sa n panse
Anonymous Poll
90%
Fireeee 🔥
10%
Ah sa pa bon ditou 😁
This media is not supported in your browser
VIEW IN TELEGRAM
De no jou ou pa bezwen monetize paj ou pou fè kòb sou entènèt la. Men kèk astis ki pral pèmèt ou fè sa. San se pa TikTok/Ig ki Peye w.

👉 Chwazi yon nich Epi kreye yon biznis modèl otou de nich sa.

👉 Itilize rezo sosyo yo pou van oubyen fè pwomosyon. Konsa wap fè videyo pou chache kliyan Epi kliyan sa yo ap achte nan men w, San se pa rezo an ki Peye w.

👉 Bay pwomosyon gratis, sa ap pèmèt ou bay yon apèsi de kapasite w, Epi fè plis moun konnen w.

👉 Kreye yon website, Jodi an ou pa bezwen gwo devlopè pou kreye website, ou ap selman bezwen yon website builder Tankou : wix, shopify, oubyen Wordpress pou fè sa. Website la ap fè w parèt kredib Epi pi pwofesyonèl.

👉 Kreye yon kominte, fè yon sistèm de funnel pou konvèti Abone w yo an kliyan, Epi konsa pou pwopoze sèvis ou.

👉 Epi pou fini kreye yon personal brand otou de ou, Epi kreye yon sistèm kontni pou vann brand sa pou ou. Konsa men m si w te fè 10 views se vre TikTok pap Peye w, men w gen 10 potansyèl kliyan ki gade videyo an.
👍4
ANN FÈ YON KLAS SOU LIMYÈ ⬇️👇
👍1
🎬 Entwodiksyon sou Wòl Limyè nan Videyo

Limyè se youn nan pi gwo zouti pou rakonte istwa ou vle an ak kreye anbyans nan yon videyo. Jan ou mete limyè sou sèn nan ka chanje emosyon, atmosfè, ak pèsepsyon telespektatè yo.
👍3
💡Men 3 Tip Limyè prensipal nan yon Set Videyo

1. 🔑 Key Light (Limyè Prensipal)

• Sa li ye: Se sous limyè prensipal ou itilize pou eklere sijè a.
• Ki kote ou mete l: Anjeneral sou kote figi sijè a (sou bò dwat oswa bò goch, pa dirèkteman devan).
• Enpòtans: Mete volim sou figi a, bay fòm ak plis pwofondè.
👍4
2. 💧 Fill Light (Ou pral konprann poukisa emojis dlo an)

• Sa li ye: Se yon limyè ki pa fò ou itilize l pou elimine lonbraj ke Key Light la te kreye an.
• Ki bò ou mete l : Sou bò opoze Key Light la.
• Enpòtans li : kreye yon balans nan ekspozisyon limyè a epi fè figi a parèt plis natirèl.
👍4
3. 🌞 Back Light / Rim Light (Limyè pou mete Dèyè / Epi pou kreye Kontou)

• Sa li ye: Se yon limyè ou mete dèyè oswa sou do sijè a.
• Enpòtans: Separe sijè a ak background lan, mete plis pwofondè ak dimansyon nan videyo an.
👍4
🧰 Akseswa Pou Mete Sou Limyè yo (Modifiers)

1. 🌕 Lantèn (Lantern Softbox)

📸 (W ap wè l sou dènye imaj la fòm balon blan an)
• Fonksyon: li gaye limyè a nan tout direksyon (omnidirectional).
• Itilizasyon: Bon pou sèn entèvyou kote ou vle limyè a gaye toupatou ak natirèl.
• Avantaj: Pa twò agresif, pa mete lonbraj fò sou figi sijè an.
👍3
2. 🎯 Grid (Nid d’abeille)

📸 (Sou premye imaj la twal nwa ak ti kare ti kare yo)
• Fonksyon l : Kontwole direksyon limyè a, kenbe l konsantre sou yon sèl sijè.
• Itilizasyon: Ou Itilize l lè ou pa vle limyè an al gaye sou background lan oswa sou lòt sijè ki sou set la.
👍2
3. Softbox ak Twal Blan Difizyon
📸 (Sou 2èm imaj la — but li pa parèt)

• Fonksyon: Lè limyè a pi dous, retire lonbraj ki di ki soti nan limyè an.
• Twal Blan an: Li sèvi kòm yon difizè ki pou adousi limye an.
• Itilizasyon: Ou Itilize l pou mete an valè po moun (portrait/interview) paske li fè figi a pi dous.
👍2