Kechou News
11.4K subscribers
644 photos
647 videos
1.4K links
Nou se Kechou toujou prezan pa janm absan
Download Telegram
Tande koze non mezanmi
Pandan pèp la ap soufri Kenskòf ,yon seri de polisye ki ta dwe ap siveye e pwoteje, prefere al nan bouzen.

Sa fini trè mal paske, se bouzen sa yo bandi yo te voye pyeje polisye yo
Flash ! Atè a jis pyeje! Se jenn fi sa Lapolis mete anba kòd byen bonè maten an, Taïna. Li rekonèt li gen bon jan relasyon ak b@ndi yo nan Kenskòf men li voye jete akizasyon ki tonbe sou do l kòmkwa li se li menm ki ta lakoz sa k pase yèswa nan Godè a. Daprè Lionel Lazarre, se jenn fi sa ki te gen misyon al bouske lòt Jenn fi pou polisye yo ki ta fè yo kite pòs yo pou al fè vye rèv, epi san ras yo ta tou pwofite pote boure sou yo kote yonn ladan yo disparèt, plizyè z@m ak materyèl pèdi. Yon enfòmasyon polisye yo voye jete byen lwen. Yo di se twòp bouya ki lakoz yo pa gen kontwòl espas la, b@ndi yo pwofite mank vizibilite sila epi tou vare sou yo…

Paralèlman, moman n ap ekri la a bandi yo soti nan baz yo, desann al nan zòn yo rele Koukan an, y ap fè dega, bat moun, sakaje lakay yo, leve moun… Se enfòmasyon kèk peyizan ki nan blòk yo sinyale ak majistra komin lan, Massillon. Men lapolis deja mobilize pou si yo ta gen lide monte pi wo. Bagay yo vrèman pa piti nan Kenskòf
Nou sonje sitwayen sa????